Culture

Miss Universe 2025 : Ayiti mobilize pou soutni Mélissa Queenie Sapini malgre retad nan vòt yo

Par Elminis Brinia
novembre 21, 2025 2 min 65
Miss Universe 2025 : Ayiti ap sipòte Mélissa Queenie Sapini

Miss Universe 2025 : Ayiti ap sipòte Mélissa Queenie Sapini

Depi kèk jou, rezo sosyal yo vin chaje ak apèl pou soutni Mélissa Queenie Sapini, kandida Ayiti nan 74e edisyon Miss Universe ki ap dewoule Thailand. Plizyè figi piblik, enfliyansè ak òganizasyon kiltirèl ap ankouraje sitwayen yo vote pou li, sitou nan kategori Best National Costume lan kote rezilta yo poko favorab.

Pou kounye a, done ofisyèl yo montre Mélissa gen 9 757 vòt, yon kantite ki mete l byen lwen dèyè reprezantan Filipin nan, Ahtisa Manalo, ki okipe premye plas la ak plis pase 215 642 vòt. Se poutèt sa, mesajgen 26 èdtan sèlman pou chanje balans lan” ap sikile toupatou sou entènèt la.

Anplis, anpil moun mete aksan sou enpòtans reprezantasyon ayisyen nan yon konkou entènasyonal konsa. Yo raple efò Melissa fè pou pote kilti peyi a devan epi yo kwè yon mobilizasyon solid kapab pouse Ayiti monte nan klasman an.

Sepandan, pou w vote, ou oblije pase pa aplikasyon Miss Universe la. Se la ou chwazi opsyon Vote”, antre nan kategoriBest National Costume, epi achte vòt yo. Pou chak 0,99 dola ameriken, ou ka bay 3 vòt. Sa lakoz kèk diskisyon sou kesyon aksesibilite, sitou pou moun ki ap viv Ayiti kote sitiyasyon ekonomik la difisil.

Nan sans sa a, plizyè obsèvatè raple mobilizasyon se yon bon bagay, men li dwe fèt san presyon epi san fè moun depase mwayen yo. Yo ensiste sou nesesite pou konsidere kapasite finansye popilasyon an pandan yo ap ankouraje patisipasyon nan reprezantasyon nasyonal la.

Finalman, menm si kantite vòt yo rete ba pou kounye a, apèl pou soutni Mélissa a ap kontinye monte. Kèlkeswa rezilta final la, mouvman sa a montre klèman jan Ayisyen, andedan ak deyò peyi a, pare pou pote kole lè se kesyon defann imaj ak talan peyi a.

Soutni Mélissa Queenie Sapini nan Miss Universe se plis pase yon kesyon vòt : li se yon je sou kapasite Ayiti pou ini, selebre kilti li epi mete talan li devan je mond lan. Men, dirabilite mobilizasyon an depann de respè mwayen chak moun ak yon konsyans klè, kote reprezantasyon nasyonal la pa ta dwe tounen yon chay ekonomik. Nan limit etik ak transparans, Ayiti ka jwenn yon plas ki onore l san presyon ak san ekzajerasyon.

Brinia ELMINIS 

À propos de Elminis Brinia

Elminis Brinia est rédactrice au sein de BwatNouvèl. Journaliste de formation et professionnelle des médias, elle analyse et couvre l’actualité nationale et internationale avec rigueur, sens critique et responsabilité éditoriale. Son travail s’inscrit dans une démarche d’information fiable, accessible et ancrée dans les réalités sociales contemporaines.

Voir tous ses articles →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *