• Copy
  • Facebook
  • Twitter
  • Linkedin
  • Whatsapp
  • Telegram
  • Print
  • A la Une
  • Education
  • Sport
  • Société
    • Internationale
    • National
    • Politique
    • Culture
  • Reportage
  • Inscription
  • Login
  • Emploi
LATEST NEWS
Violence en manifestation : les autorités floridienne…
Un sénateur à terre : quand poser…
L’Iran contre-attaque : frappes massives de missiles…
“Opération Rising Lion : Israël frappe l’Iran,…
Réforme de l’état civil en Haïti :…
  • Follow Us
Bwat Nouvel
Bwat Nouvel
  • A la Une
  • Education
  • Sport
  • Société
    • Internationale
    • National
    • Politique
    • Culture
  • Reportage
  • Inscription
  • Login
  • Emploi
Mon Compte
Nombre de vues: 60


Nan kad lit kont gang ame yo, gouvènman ayisyen an fè yon pa ki make yon nouvo etap nan estrateji sekirite peyi a. Daprè enfòmasyon ki sòti nan jounal New York Times, Leta ayisyen siyen yon akò ak Erick Prince, fondatè konpayi militè prive ameriken Blackwater, ki gen anpil eksperyans nan domèn sekirite entènasyonal.

Blackwater, se yon konpayi mèsenè ameriken, ki te deja patisipe nan operasyon militè an Irak ak Afganistan pou gouvènman ameriken an. Kounye a, se Ayiti ki vin benefisyè sèvis li yo pou mennen operasyon ame kont gang ki simaye laterè nan plizyè zòn nan peyi a.

Daprè sa jounal Le Nouvelliste rapòte, dwòn, mèsenè ak zam deja ap deplwaye sou teren an pou lanse operasyon yo. Objektif prensipal, se reprann kontwòl zòn ki okipe pa gang ame yo, epi mete plis sekirite nan lavi chak sitwayen.

Malgre mezi a ka parèt estratejik sou plan sekirite, li soulve anpil kesyon sou souvrennte nasyonal, transparans ak responsabilite, epi sou efikasite ak etik konpayi sa yo nan konfli entèn.

Pandan popilasyon an ap tann rezilta konkrè sou teren, sa klè kolaborasyon ak Blackwater make yon chanjman enpòtan nan jan gouvènman an ap abòde kesyon gang ak vyolans an Ayiti.

 

Jean Dalens SEVERE

 

  • Pont-Sondé : La Route Nationale #1 bloquée pour…

    juin 5, 2025
  • Le Premier ministre visite un centre d’entreposage électoral,…

    mai 31, 2025
  • Gouvènman Ayisyen an siyen akò ak konpayi militè…

    mai 28, 2025
  • Le Premier ministre Alix Didier Fils Aimé lance…

    mai 24, 2025
  • Haïti amorce un tournant historique avec l’avant-projet de…

    mai 22, 2025
  • WhatsApp Image 2025-05-10 at 6.02.49 PM

    Le Cap-Haïtien à l’honneur pour le 222e anniversaire…

    mai 13, 2025

Laisser un commentaire Annuler la réponse

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Bwatnouvel

  • À propos
  • Mission
  • Vison
  • Politique de confidentialité
  • Termes et Conditions
  • About
  • À propos
  • contact

Category

  • Politique
  • Éditorial
  • Annonce
  • Economie
  • Sports

Quick links

  • Contact
  • Youtube
  • Facebook
  • X(Twitter)
  • Instagram
  • Tiktok

@ 2025 All Copyright Reserved. BWATNOUVEL

  • A la Une
  • Politique de confidentialité
  • Termes et Conditions
  • À propos
  • Vison
  • Mission
  • Contact
  • Inscription
  • Login
  • LogOut