28 oktòb 2025 la make 42èm edisyon Jounen entènasyonal lang Kreyòl la, yon moman espesyal pou selebre non sèlman lang kreyòl ayisyen an, men tou kilti li, istwa li, ak wòl enpòtan li jwe nan devlopman peyi Ayiti. Nan jounen sa a, ki dedye ak lanmou ak prezèvasyon patrimwàn lengwistik nou, Akademi Kreyòl Ayisyen envite nou reflechi sou tèm sila a: “Lang kreyòl, zouti devlopman peyi a”.
Lang kreyòl ayisyen an se lang plis pase 12 milyon moun pale nan mond lan, li soti nan yon melanj inik ant fransè ak plizyè lang Afriken, sa ki kreye yon lang melanje ki fèt sou baz istwa ki chaje ak doulè esklavaj. Pandan peryòd kolonbyen an, esklav Afriken yo, ki te soti nan diferan rejyon epi ki pale plizyè lang diferan, te oblije devlope yon mwayen kominikasyon pou yo ka pale ant yo, san kolon fransè yo, mèt yo pa konprann. Se konsa lang Kreyòl la te pran nesans, yon lang ki pote istwa ak rezistans.
Se vre enfliyans Fransè a parèt klè nan vokabilè kreyòl la, men se nan sintaks ak estrikti gramatikal lang afriken yo enpak la plis sòti. Anpil mo kreyòl soti nan lang afriken, epi kèk lòt mo soti nan lang espanyòl, anglè ak lang endijèn, tayino yo, sa ki temwaye divèsite echanj kiltirèl ki te fèt nan zòn Karayib la.
Malgre fransè te toujou domine tankou lang ofisyèl ak lang elit la, lang kreyòl ayisyen rete lang vivan pèp ayisyen an. Se li ki sèvi tankou mwayen pou chante, resite pwovèb, tire kont, ak tradisyon oral ki alimante ak fè briye kilti Ayisyen an. Kreyòl la se yon pilye nan idantite nasyonal la, yon senbòl rezistans pèp ayisyen an devan opresyon ak enjistis istorik.
Men nan lane 1987, konstitisyon ayisyen an fè yon gwo pa nan rekonesans lang kreyòl la tankou lang nasyonal, ansanm ak lang fransè a. Rekonesans sa a te make yon gwo avansman kote kreyòl, lang matènèl nou te soti nan lonbraj pou li pran plas li nan sosyete Ayisyen an.
Jodi a, Kreyòl Ayisyen an kontinye ap evolye, malgre gen anpil reyalite modèn, entèreksyon ak lòt lang etranje ki vle enfliyanse li, sa pa anpeche gen anpil inisyativ ki nan peyi a nan lide pou yo pwomouvwa ak valorize lang Kreyòl Ayisyen an. Genyen plizyè pwogram edikatif ki itilize kreyòl, medya kreyòl ak literati jreyòl yo ap kontribye aktivman nan anrichisman lang sa a, pandan yo ap modènize li pou li rete itil nan yon mond globalize.
Kreyòl la anseye nan plizyè inivèsite entènasyonal, li menm rive fè lobjè anpil rechèch lengwistik, sa ki temwaye sou enpòtans li pa sèlman pou Ayiti, men tou pou mond lan.
Kreyòl Ayisyen an gen yon wòl enpòtan nan devlopman peyi Ayiti, ni sou plan sosyal, edikatif ak ekonomik, paske nan yon peyi kote pousantaj alfabetizasyon nan lang fransè a pa sispann ogmante, lang kreyòl la tounen yon vektè enklizyon, ki pèmèt majorite popilasyon an gen aksè ak edikasyon, kilti ak enfòmasyon ki esansyèl pou devlopman.
Lè edikasyon yo fèt nan lang kreyòl la, espesyalman nan lekòl yo, fòmasyon pwofesyonèl ak inisyativ sansibilizasyon, li pèmèt chak Ayisyen santi l enplike nan pwojè devlopman peyi a. Anplis, jreyòl se yon lang kominikasyon nan sektè sosyal, medikal ak menm nan politik piblik, kote li tounen yon zouti enpòtan pou ranfòse patisipasyon sitwayen yo.
Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl la se yon envitasyon pou selebre eritaj lengwistik nou, men tou pou ranfòse transmisyon lang sa a bay jenerasyon kap vini yo. Lè nou anseye kreyòl bay timoun depi yo piti, nou pa sèlman asire prezèvasyon patrimwàn nou, men tou valorizasyon rasin kiltirèl nou. Se nan konnen ak sèvi ak lang pa nou an, nou ka vrèman avanse nan devlopman peyi a, pandan nou ap rete fidèl ak idantite nou.
Nan 42èm edisyon Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl sa a, li enpòtan pou nou sonje kreyòl se pa sèlman yon lang moun pale, men tou yon zouti devlopman, solidarite ak inite nasyonal. Atravè Kreyòl, nou afime fyète nou, nou selebre istwa nou, epi nou konstwi lavni Ayiti. 28 oktòb se yon okazyon pou reyafime plas esansyèl lang Kreyòl la nan konstriksyon peyi a, pandan nou ap sonje “Lang Kreyòl, Zouti Devlopman Peyi a”.
Eunuce SEVERE
















































































































































































































